26 février 2025

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Delivrans gen jou’l

Onè respè pou otorite tout plim tout plimay k’ap mennen bak peyi sa a. Chapo pou nou mesyedam. Lontan, nan tout kwen nan peyi a, nou te konn di onè respè pou mèt kay otorize nou antre. Nou te konn d’il tou lè yon moun fè yon bon bagay, yon fason pou konplimante li. Kounye a, devan pòt tounen dèyè kay, dèyè kay tounen devan pòt, tout bagay chanje, tout bagay vin tèt anba. Kounye a nan peyi d’Ayiti se moun ki sèvi bwa pou boule, se zo moun ki tounen chabon pou nèg ki gen gwo pouvwa, gwo zam ak pil lajan. Lontan tout moun te respekte otorite yo pou fason yo te konpòte yo. Se te toujou onè respè lè’w rankontre yon otorite paske yo te merite sa tout bon vre. Kounye a, devan pòt tounen dèyè kay, otorite yo ap mache sou tèt, 2 pye anlè, men longè dwèt yo nan lajan Leta. Si’w ta di yo onè, yo ta dwe wont reponn respè paske yo pa merite sa.

Li mouri anvan li pèdi souf li, li te gentan mouri menm kote teworis yo t’ap boukannen pitit li a devan 2 grenn je’l la. Menmsi kadav li te jwenn fòs pou’l te rive nan komisarya a, men li te gentan  mouri kanpe. Onè respè pou nou otorite bout teren yo. Li pa mouri nan doulè men nan soufrans. Machann lanmò yo pat ni frape’l ni bat li, men yo te fè sakrifis ak pitit li devan 2 grenn je’l. Onè respè pou otorite ki gen pouvwa sèlman sou lajan Leta, nan gagote kès Leta. Yon kesyon pou otorite nan Leta a : eske se konsyans nou pran nou anile kanaval la, sak ta vle di nou gen yon ti kras konsyans ki rete oubyen  se Viv ansanm ki pa bay otorizasyon pou sa ? Antouka, si se konsyans nou pran, sa vle di gen espwa toujou, sa vle di nou ka sispann pran Lapolis ak Lame pou byen prive nou, nou ka kite yo fè travay yo jan Konstitisyon ak lalwa mande sa. Si se tout bon nou pran konsyans anile kanaval la, sa vle di nanm moun yo sakrifye yo, moun yo boule nan flanm dife yo, nanm ti bebe Eliana Telemaque la toumante nou kanmèm.

Nou fè konmsi sa pa enterese nou, nou fè konmsi nou pa wè, nou menm fè konmsi nou pa tande, tankou nou avèg, tankou nou soud. Nou dakò ak jounalis ki di pa gen bal pèdi paske tout bal yo vize pèp la, sèlman pèp la. Kidonk, adrès bal tout bandi se nan kò pèp la. Nou dakò tou ak konfrè nou ki di delivrans gen jou’l. Delivrans gen jou’l, jou vanjans lan, se jou pèp la ap revolte kont tout move je yo, moun k’ap touye, moun k’ap bay zam, moun k’ap vann zam, moun k’ap kontinye bay bandi lajan pou rete sou pouvwa, moun k’ap touche gwo lajan ki pa itil anyen nan peyi a. Lontan, lè te gen otorite tout bon nan peyi a, sekirite se te premye byen popilasyon an te genyen, kounye a sekirite se pou sèlman moun ki nan pouvwa,  k’ap jwi lajan Leta. Otorite yo ap tann sèlman lè gwoup kriminèl Viv ansanm ta boule Bank Repiblik d’Ayiti, Palè Nasyonal, Primati ak Vila dakèy pou yo ta oblije kite Lapolis ak Lame fè travay yo pou sove rès popilasyon an anba grif teworis yo, li ka twò ta.

Otorite yo ka vole nan elikpotè, peyi fèmen, wout bloke pa vle di anyen pou yo. Bandi ap masakre moun, bandi ap kidnape moun, bandi ap boukannnen moun, bandi ap boule tout bagay, lopital, lekol, sa pa di otorite anyen. Ala otorite yo manfouben. N’ap raple nou pou soti Pòtoprens pou rive Kafou, gen 4 pòs peyaj. Teworis yo ap kontinye anrichi pou jwenn plis lajan pou achte zam ak bal pou touye pèp la, pou pran plis teritwa nan figi tout otorite yo. Kisa nou itil menm ?

Apre masak ki te fèt sou 6 polisye nan baz Izo nan lannwit 11 pou rive 12 mas 2021 an, kote bandi te rache ajan polisye yo tankou kochon, mete nan bourèt tankou fatra yo pral jete paske Izo toujou rele tout polisye “polisye fatra”. Yo boule rès kò yo tankou debri. Nou te panse apre masak sa a se te fini pou kriminèl yo, men sanble nou t’ap reve. Lè nou te fin wè masak Kabarè a nan lannwit 29 pou rive 30 novanm 2022 a, kote plis pase 20 moun te sakrifye, nou te di kanmèm  fwa sa a Lapolis pap kite sa konsa, Leta ap leve pye’l. Sanble nou t’ap reve je klè toujou. Nou pat janm panse t’ap genyen kanaj Ponsonde a nan lannwit 2 pou rive 3 novanm 2024 la, kote plizye dizèn moun te asasinen pandan yo t’ap dòmi lakay yo. Poutan, nou fè  konmsi sa pa enterese nou, nou fè konmsi nou avèg, konmsi nou soud menm jan ak otorite initil ki fè alyans ak kriminèl pou retounen sou pouvwa oubyen pou rete sou pouvwa. Apre tout masak sa a yo, nou te menm panse teworis yo tap pran konsyans, nou te menm panse yo te moun toujou. Se tankou nou te nan yon fim dyab ak vanpi, se tankou nou te nan yon rèv kochma, lè nou aprann masak ki fèt sou plis pase 100 moun sou Waf Jeremi nan Sitesolèy nan mwa novanm 2024 la. La a, nou te di si Leta pa bay teworis yo yon replik, si Leta pa pase lòd pou Lapolis ak Lame derasinen kriminèl sa a yo, fòk pèp la kontinye vanjans lan, fòk lejitim defans lan kontinye paske vanpi yo soti pou manje nou tout youn apre lòt. Nou te di tou si Leta pa reyaji apre tout krim sa a yo, si otorite nan Lapolis ak nan Lame pa bay yon repons, yo tout ta dwe demisyone paske yo pa kapab, yo pa itil anyen, y’ap touche gwo lajan, yo pa bay rezilta.

Men n’ap di onè respè pou yo kanmèm, paske yo gen konsyans yo pa itil anyen, menm nan Palè Nasyonal ki se biwo Prezidan yo, yo paka mete pwent pye yo, paske Viv ansanm pa vle sa, yo pa bay lòd. Se kounye a nou konprann pou kisa yo pat bay lòd pou ouvè lopital jeneral la, te gen plan pou boule’l. Sa tout moun te konprann se te rimè a, sa tout moun tap di tou ba a, kounye a tout moun konstate se yon reyalite, peyi a se yon gato k’ap separe, men pèp la pa ladan. Nou konstate chak pati politik ki nan KPT a gen moso gato pa yo. Men n’ap di minis yo, direktè jeneral yo fè atansyon ak lajan Leta a paske responsablite penal pesonèl, chak moun ap peye pou sa yo fè lè jou a rive, jou delivrans pèp la.

Lè yon minis jistis te pale de koze teritwa pèdi a, tout popilasyon an te leve kanpe kont pawòl madichon sa a, menm moun ki nan Konsèy prezidansyèl tranzisyon an t’ap kritike madanm lan. Poutan, nan epòk minis lan te pwononse fraz sa a, sanble nou potko janm genyen teritwa ki pèdi tout bon nan Pòtoprens. Nou te menm konprann tout teritwa pral reprann nan yon bat je. Nou patap janm imajine t’ap genyen lòt teritwa pèdi ankò. Poutan Fò nasyonal, Solino, Nazon, Gresye, Kenskòf, elatrye se lòt teritwa ki tonbe anba men gwoup kriminèl ”Viv ansanm”. Ala wont pou Lapolis, ala wont pou Lame d’Ayiti, ala wont pou moun ki rele tèt yo otorite yo. Bandi, kriminèl, asasen, teworis ap bay fòs lòd yo defi, y’ap pase yo nan jwèt, y’ap imilye enstitisyon yo nan je Leta. Ala wont pou 9 Prezidan yo, ala wont pou Premye Minis la ak tout minis nan gouvenman an, se bandi ki pou otorize yo fè yon bagay. Onè respè pou nou kanmèm paske nivo san wont ak pa itil nou an pote premye pri sou latè.

Delivrans gen jou’l. Delivrans pa mache san vanjans popilè, vanjans popilè a ap rive kanmèm paske tout soufrans gen limit. Apre 3 jou soufrans Eliana Telemaque mouri san yo pa frape li, san yo pa bat li, san yo pa boule li menm jan ak pitit li. Ala wont pou Prezidan yo, bandi anpeche yo ale nan Palè Nasyonal. Ala wont pou tout otorite initil yo, ala wont pou moun k’ap touche pil lajan, ki gen gwo privilèj, men ki pap regle anyen pou peyi. Ala wont pou mouche Leta. Teworis yo pa genyen cha, yo pa gen pèp avèk yo, yo pa gen moun ki vle wè yo, tout moun anvi wè yo disparèt pou peyi a rale yon souf. Malgre sa l’ap sibi, pèp la toujou anvi fè  maryaj ak fòs lòd yo pou fini ak teworis yo, men nou konstate Leta pa vle sa. Yon sèl bagay, lè pèp la an kolè l’ap koupe tout bra, bra ki kout ak bra ki long. Jou pèp wè gen 200 polysye, 300 polisye k’ap atake bandi yo, l’ap fè maryaj la pou fini pi vit ak teworis yo paske pèp la ap viv menm kote avèk yo, yo konnen tout.

Delivrans gen jou’l. Jou delivrans lan, tout chèf k’ap mache sou tèt pral nan poubèl listwa, paske yo pat fè anyen pou sove lavi moun anba zam teworis yo. Tout otorite ki nan konplisite ak kriminèl pral nan poubèl listwa lè jou delivrans lan rive. Tout otorite ki dakò pou kriminèl ap boukannen moun tou vivan tankou bout bwa, pandan Bout Ba bloke tout moun. Tout otorite ki kite Viv ansanm ap boule ti bebe tou vivan, tout otorite ki pa vle Lapolis ak Lame derasinen teworis yo, kolè pèp la ap frape yo nan jou delivrans lan. Onè respè pou nou kanmem paske nou chanpyon sou tout lòt dirijan sou latè nan initil ak sanwont. Sa vle di nou gen kouraj nou kite teworis Viv ansanm yo ap touye moun toujou nan peyi a ?

Si nou pa konnen non ti bebe a,  manman li rele Eliana Telemaque. Apre li fin pèdi tèt li, apre 3 jou li mouri. Nou ta mande tout jounalis ki pa vann nanm yo pale pawòl la paske otorite yo nan goumen pou pòs, yo nan separe gato a, yo pa gen tan pou tande koze pèp k’ap mouri, moun k’ap masakre, ti bebe y’ap boule nan flanm dife pou fè sakrifis.  An mesyedam ki nan tèt Leta a, nou pa bay lavi moun regle anyen pou nou, kri pèp la pa vle di anyen pou nou, se lajan sèlman ki enterese nou ? Mesyedam nan tèt Leta a, nou anpeche Lapolis ak Lame fè travay yo, nou pran enstitisyon pou byen prive nou, nou pa vle yo konbat teworis yo. Pèp la ap ekri nan gwo kaye a pou nou.

Delivrans lan pa lwen, delivrans gen jou’l. Vire je gade pèp la, sove rès popilasyon an si nou pa vle kolè pèp la pase pran nou nan jou delivrans lan. Onè respè pou nou paske n’ap byen gagote lajan sèvis entelijans lan pandan Lapolis paka peye pou jwenn enfòmasyon, malgre tout gwo privilèj nou genyen nan lajan Leta. Lanati ap gen pou’l lage san ti bebe sa a, nanm manman’l mete ak nanm tout Ayisyen nou kite Viv ansanm manje, sa yo touye nan sal klas pandan y’ap swiv kou, sa yo touye  anndan lakay yo, sa yo touye pandan y’ap dòmi, sa yo touye pandan yap kouri pou machin san fren an, sa yo lafen touye, se pou nanm yo toumante nou. Kriminèl tout plim, tout plimay ak tout konplis yo, tout moun k’ap alimante machin lanmò a se pou kriye antre lakay nou tout jou delivrans lan, paske nou refize gade tèt nou nan glas pou’n pa wè jan nou lèd devan pèp la.

Delivrans gen jou’l. Jou delivrans pèp la pa lwen, jou delivrans polisye yo pa lwen, jou delivrans militè yo pa lwen, jou pou bandi tout plim tout plimay kouri pa lwen, jou pou vyolans lan ale nan kan tout ènmi pèp la pa lwen.

Onè respè pou Mèt Lionel EDOUARD ki bay tèks sa a tit san li pat menm konnen.

Jean Barnave CHERON, sitwayen angaje

Mònwo, Grandans, fevrye 2025

jeanbarnavecheron@gmail.com

About The Author

Laisser un commentaire