Covid19: rete lakay nou san manje, san elektrisite ak dlo pòtab ?
4 min readDepi apre otorite sanitè nan peyi a fin twouve plizyè moun ki enfekte ak kowonaviris, tout moun panse fok gouvènman an ta fòse tout moun rete lakay yo , ki rele nan lang franse: confinement. Metòd sa a kapab evite plis ka. Nan sans sa, anpil mesaj ap sikilile sou tout rezo sosyal yo pou di moun yo rete lakay yo . Eske moun nan ka rete lakay li san li pa gen kouran, san nouriti ak dlo pòtab ? Lòt kesyon nap poze ankò, moun ki viv akoz aktivite yap mennen lari a ,kisa gouvènman Jouthe la ap fè pou yo ?
Pou evite maladi kowonaviris la pataje , yon pakèt peyi itilize yon mwayen pou yo fose moun yo rete lakay yo . Mezi sa pou anpil moun se meyè solisyon kont pandemi an. Si n’ap gade yon peyi tankou Lachin se youn nan dispozisyon li te pran pou konbat maladi a . Aprè tout konsta sa yo, majorite save nan peyi pa bò isit panse leta ta sipoze antre nan yon lojik konsa ‘’ki se fè moun yo rete lakay yo’’.
Nan sans sa a , anpil atis ak moun ki nan sosyete sivil la ap lage anpil mesaj sou rezo sosyal yo pou di moun rete lakay yo, pou yo evite maladi pwopaje nan tout peyi a . Se yon bon bagay paske nou pa pare pou nou fè fas avèl. Men, pou anpil obsèvatè gen yon ipokrizi nan demach sa a. Lè nap gade nan kondisyon pep sa a ap viv, eske nou ka mandel rete lakay li san akonpayman Leta ? Poukisa pouvwa ki la a pa mete yon pwogram sou pye pou akonpanye moun ki pi mal yo ? Sa se ansanm kesyon yon dal moun ap poze. Menm gwo peyi kote kondisyon yo reyini pou moun viv, se nan fose moun rete lakay yo.
Si n’ap byen gade pa gen oken kondisyon ki reyini pou moun yo rete lakay yo an Ayiti. Menm yon ti moso kouran Leta pa byen bay. Yon gran pati nan popilasyon an viv ‘’au jour le jour’’’. « Mwen menm gouvènman an paka dim rete lakay mwen, paske yo pa itil mwen anyen. Mwen se sou ti grenn pwa m kale mwen viv », rakonte yon ti machann.
Li kontinye pou l di , «si maladi a touyel lap pi bon pou li, paske lap soti nan mizè ».
Rete lakay nou , yon mesaj ki plen mechanste ladan
Eske pa gen yon mechanste nan mesaj atis ak lot moun ki nan elit ekonimik ak entelektyel peyi a ap fè pase a pou mande moun rete lakay yo ? poukisa nou poze kesyon sa a, se paske moun sa yo konnen koman popilasyon ap viv deja. Pou anpil moun : poukisa moun sa yo pa mande gouvènman mete yon pwogram sou pye pou akonpanye moun ki fèb yo nan sitiyasyon difisil sa a ? poukisa nan mwayen moun sa yo gen nan men yo, yo pa akonpanye sa ki fèb yo pito ? epi tou, poukisa moun sa tou pa pale pou moun ki pa gen kote pou yo domi ? An reyalite moun ki mal yo pa janm enterese moun sa yo vre.
Si n’ap repete gouvènè bank Repiblik Dayiti, Jean Baden Dubois, kowona a pral mete peyi nan yon sityasyon ‘’tet chaje’’, kote moun ki pi mal yo pral vin pi mal. Sa vle di nan jou kap vini la yo , nou pral wè plis moun ki nan enskirite alimantè . N’ap raple plis pase 4 milyon ayisyen twouve nan sitiyasyon kote yo paka manje , daprè tout dènyè rapò yo.
Menm gouvènman an pa rèpèkte prensip ki etabli yo
Nan yon pwen pou laprès prezidan peyi a, Jovenel Moïse, te bay. Li te anonse ansanm mezi pou evite maladi a pwopaje nan tout peyi a. Pami yo li te mande pou pa gen foul ki depase 10 moun. Men si n’ap byen gade Chann Mas anpil moun reyini chak jou pou fè nouvo kat idantifikasyon nasyonal la. Nan sans sa a, n’ap mande èske gouvènman an te konprann sa l tap di yo oubyen se rayi yo rayi pep la konsa? Pou anpil moun, ONI ta sipoze kanpe aktivite sa a jiskaske sitiyasyon an tounen nan nomal li .
Epi si n’ap byen gade tou , menm moun ki nan pouvwa a pa respekte distans sosyal y’ap pale a. Paske menm jou prezidan ap anonse mezi yo, youn te kole sou lòt . Yo toujou di ‘’ charité bien ordonnée commence par soi-même’’.
Si pou moun yo rete lakay yo , fok Leta akonpanye yo
Rete lakay la se youn nan meyè mwayen pou konbat kowonaviris. Men nan ka ayiti a lè moun rete lakay li gen yon lot bagay ki pral touye ki rele ‘’grangou’’ . Nan sans sa a, Leta dwe akonpanye moun yo. Epi EDH dwe rele sou kòl paske tout peyi kote yo fose moun rete lakay yo, Leta peyi sa yo garanti yon minimòm .
La Redaction de Le Quotidien News