lun. Avr 29th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

M’santim delivre

2 min read

Delivre de tout sak te konn matem,

Boulvèsem, foure pye nan pansem.

M’santim delivre

Delivre de vye lanmou sa, ki te konn ap karesem anba anba

Pou vinn krake’m aprè kou’m fèmen jem.

M’santim delivre

De tout vye pawòl,

Tout vye karès ak bo vag bouch ou te konn vinn depoze sou koum, bò zorey mwen.

M’santim delivre tout bon vre

De fòs men’w te gen sou pom

De jew ki te konn ap prije kèm chak lew gadem.

E mespere la va menm pou ou.

Wa va benyen, wa va grate tout kras lanmou m’te etale sou kòw.

Wa va detrese tout pwomès mte koud nan kèw.

Wa va bliye’m, touye’m, desitire tout karès mwen yo m’te konn ap miyonnen sou po’w

Paske jodia m’retire’w nan vi’m.

M’efase’w nan kèm, nan dezim yo.

Ou mouri pou mwen.

E m’espere wa va fè menm bagay la tou.

JAYOU✍🏼

Keum Ak kom grangouw

Se pa komsi Mpat janm kontre Ak dlo

Se pa komsi mpat janm kontre ak Flo

Pou jan Jew tap karese pom

Wa di nanm mwen te pedi nan trefon lanmou

Kote dwet ou maronnen ak pam.

Lanmou sa soti poul kokobem.

Se pa vle mpa vle kitel

Men li fonn tout sak anndanm

Detwi tout sak nan sanm.

Pou janm te baw kem

Pou janm te baw kom

Ou arive koubem,

Tronpem, bafwem,

Je femen sanw pa gade deye.

Gade jan bouch mwen ap mamote nonw

Gade jan souf mwen kout san paw

Ou arive banm kou

Nan tout tet mwen, nan tout nanm mwen

Grisonen sak t pi bel nan mwen.

Mpèdi

Mpèdi e Mpa kwe yap janm ka rejwenn mwen.

Jaelle Théodore

1 thought on “M’santim delivre

Laisser un commentaire