lun. Avr 29th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Moun ki te nan viw lan

4 min read

Defwa ou konn vrè valè yon bagay se lè’w arive pèdi’l, sou mo sa tout moun ka aksepte avè’m men konbyen nan nou ki goumen vre pou moun lan rete nan vi nou.

Men ego nou pa pèmèt sa, men lè nou vin reyalize li an li tro ta.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te diferan, li te chanje jis pou ou,li pa’t janm care de sa moun ap di men…

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te di’w si’w kontinye konsa yon jou lap resi ale pou tout bon,men deske ou konnen li atache avè’w trop ou panse ke lap blofe pavre? Kounya kote’l

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te konn ap pedi somèy pou ou, sakrifis ke li patap fè pou tèt li alewè li fè’l pou, wi defwa li ka montre’l trò jalou, trò posesif, men eske ou pa mande tèt ou eske li pa gen rezon’l ? Eske ou pa panse ke li wè yon bagay lakay ou ke okenn lòt moun pa janm wè?

Moun sa ki te nan vi’w lan

Malgre ou te ak de po bouda’w, li te stil vle’w. Malgre ou pat romantik, menm yon bon ke ou paka ba li li te stil renmen’w san konte jouman nan men fanmi ak zanmi.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Eske’w te konnen malgre ou te gen lòt moun sou li te stil vle’w ? Men poukisa ou deside trete’l ainsi? Eske li pa’t merite plis ke sa

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te sansib pou ou, biza men malgre sa li konstwi yon mond kote se sèl li avè’w kapab viv

Moun sa ki te nan vi’w lan

Eske’w te konn istwa’l avan li te rankontre’w,konbyen fwa li soufri,konbyem fwa yo vyole konfyans li men li te deside bay lanmou yon lòt chans.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Si’m di’w malgre li pa nan vi’w ankò li stil pa kwè ke nou kite,ke li stil pa vle pèdi’w tout bonvre, li pa wè li menm ki pral nan bra yon lòt moun ke ou.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Ou konn konbyen fwa lap kriye men dlo pa janm kouri nan je’l men domaj ke’w te avèg. Li te ouvri avè’w men sèl entansyon’w se te ouvè janm li.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Pou ou li te vle fè enposib, rache kè’l nan lestomak li pou’l lonje’l ba ou kom prev ke’l renmen’w.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Ou konn sak bèl lan, ou still pa vle admèt ke’w antò.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Ou wè moun sa ou tap fè soufri an,ke’w te panse ki pap janm ale an kap toujou la pou’l fè chen nan pye’w lan,pou enfo li jwenn yon lòt moun, yon moun ki konn valè’l

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li pa’t anvi ale, ou met kwe’m se pa sa’l te vle, li te vle kenbe promès li te fè’w lan depi lè li te fenk rankontre’w men ou te arive repouse’l

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te gen plizye chwa men se ou li te chwazi.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te ka la toujou ap fè’w souri,remonte moral ou, fè’w santi ou son moun spesyal pou li men deske ou fè’l tròp li prefere ale ke li kontinye ap soufri pou yon moun tankou’w

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te gen kè tou, li te gen problèm pesonèl pa’l ki tap trakase’l men li te bliye tèt li pou ou. Lanmou te rann li sanwont,youn nan bagay li te plis pè se te pèdi’w.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Lanmou pou bokou men la sispann bay lanmou pot chay pote pi devan lè karma retounen nan dèyè’w. Ou pa’t premye moun li te renmen men ou te premye moun ke’l te bay tout li menm konsa.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Li te vle’w pandan te gen yon pakèt lòt moun ki te vle ofri’l plis pase sa’w te ka ba li an.

Moun sa ki te nan vi’w lan

Yon jou wap rive regret,regret paske ou pat bay le meilleur de ou menm.Yon jou ou gen pou’w mande eske li toujou renmen’m? Eske li toujou sonje’m e menm arive padone’m

Moun sa ki te nan vi’w lan

Fo’w konnen ke moun sa ou tap maltrete an li geri, ou te panse li pap jwenn yon lòt moun tankou’w okontre li jwenn youn ki pi bon ak matirite ki vin fè bagay serye

Vire agoch epi adwat pou wè si se pa ou ki pa’t bon an e mwen kwè ke pwochen moun lan pap fè menm erè ou te fè an.

Mwen gen yon kesyon pou ou

Poukisa ou deside fè’l sa pandan ou te konnen’l te renmen’w?

Laisser un commentaire