dim. Avr 28th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Mwen te sou…

2 min read

Se pat premye fwa sa te rive

Abitid ou se fè m benyen prese 

Epi mete m sou yon moto 

Lakay mwen ou konn fè m ale

Yon lòt fwa ankò

M te sou…

Men m sonje bridsoukou tanperaman w te chanje

Nan zòrèy ou te di m ou sou sa 

M te jis ri

Dayè nan kat lane zanmitay nou

Se pa premye fwa w ap fè blag ki biza

Èske w te sou tou 

kifè w pat konprann lè m te di w

mwen m pa sou sa 

ni m p ap fè jwèt sa

M te sou…

Petèt se sa k fè m pat konprann pouki zanmi w te swiv mwen lè m antre nan chanm

Pouki li te plake m sou kabann e t ap fòse m ouvè janm

Èske w te sou tou

kifè lè w antre jwenn nou

olye w koute kri m

Ou te pito vin toufe m pou moun pa tande bri m

Pito w te bouche zorèy mwen

Sa t ap anpeche m tande bri rad mwen k ap chire 

Pito w te bouche je m

Sa t ap anpeche m wè l k ap pran m kòmsi se pou li m ye

M te sou…

Men m sonje m pat vle

E lè men w te kite anba kou m

pi gro regrè m se te wè m k ap viv toujou

Paske m pat janm panse

Sa li fini an ou ta pral rekòmanse

Joustan mwen endispoze

M te sou…

Men prefere nou te chwazi lanmò pou mwen

Olye nou kite m viv ak vwa nou k ap repete m

Sa k pase a se yon threesome ti tanperaman zizi m nan fè m pa vle asime

Laisser un commentaire