dim. Nov 24th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Tout moun dwe met men pou pwomosyon lang kreyòl ayisyen

4 min read

Nan okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la, Le Quotidien News te genyen yon antrevi ak Jean Rony Beaucicault, direktè kominikasyon Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) sou travay akademi an ak pwogrè ki fèt nan zafè lang kreyòl an Ayiti.

Se apati 28 oktòb 1983 yo te kòmanse selebre jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl, apre premye jounen Bannzil Kreyòl la. Depi jou sa, 28 oktòb la selebre nan tout peyi kreyolofòn yo. Nan peyi Ayiti, anpil aktivite òganize pou mete limyè sou lang lan, fè santi li alonnè. Ane sila a, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) pa t manke okazyon pou li selebre jounen sila anba yon tèm ki voye yon mesaj ki klè : « Lang Kreyòl tout kote, san fòs kote ».

Si daprè Akademi an : Atik 213 Konstitisyon 1987 la prevwa pou Leta kreye yon akademi pou kore devlòpman lang kreyòl la, si yo kòmanse selebre lang lan depi nan lane 1983 menm jan ak anpil lòt peyi ki pale kreyòl, Ayiti te blije tann mwa novanm 2008 pou Fritz Deshommes, Vis rektè rechèch nan Université d’État d’Haïti (UEH), anonse rektora inivèsite a prè pou mete Akademi an sou pye jan manman lwa peyi a te prevwa sa.

Twa lane apre, UEH òganize yon kolòk entènasyonal pou poze baz akademi an. « Premye akademisyen yo enstale nan mwa desanm 2015. Yo te 33, ki se pi piti kantite akademisyen ki kapab genyen. Pi gwo chif la se 55 », se sa Jean Rony Beaucicault esplike. Akademisyen an kontinye pou di, akademi an ap travay jouk jodi a, menmsi se ak anpil difikilte ki gen lyen ak kontèks peyi a. Li deklare li satisfè malgre sa paske, dapre bilan li, gen anpil travay ki fèt depi fondasyon AKA rive jounen jodi a.

Pou li menm, yonn nan prèv travay sansibilizasyon AKA a pote fwi, se fason kominikasyon piblik yo fèt kounye a. Jean Rony Beaucicault pa kache satisfaksyon li nan fason majorite kominikasyon sila yo fèt nan lang kreyòl, menmjan kreyòl se lang ayisyen itilize plis sou rezo sosyal yo.

Pou moman an, AKA ap travay pou goumen kont vyolasyon dwa lengistik sitwayen yo, yon bagay yo pratike anpil nan peyi a, sitou nan lekòl yo. « Nou te siyen yon pwotokòl akò ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pou yo respekte dea lengistik elèv yo, nan lekòl yo », se sa direktè kominikasyon AKA a deklare. 

Pandan tan sa, Akademi Kreyòl Ayisyen an kontinye òganize konferans. Se nan sans sa, 1ye jen 2017, li pibliye premye rezolisyon sou òtograf. Daprè akademisyen an, AKA gen pou li pibliye yon lòt rezolisyon ki, fwa sa, ap sou gramè ak sentaks. Sou pwen sa, Jean Rony Beaucicault deklare : « Anpil ayisyen itilize estrikti sentaksik lang franse a pou kreyòl la, pandan chak lang yo gen pwòp sentaks yo ».

Rete anpil wout toujou

Malgre anpil difikilte ki kapab genyen, anpil prejije lang lan ap rankontre jiskaprezan, direktè kominikasyon an rete optimis sou lavni ak pwogrè lang kreyòl la. Dapre mo direktè a : « Pandan anviwon 200 lane, yo retire dwa yon pèp pou li pale lang li. Kreyòl la viktim anpil prejije, se anpil travay ki mennen nou la ». Pou li menm, rete pou syantifik yo anbrase lang lan. Yon bagay li estime ki kòmanse fèt gras ak plizyè jenn etidyan ki pito pibliye tèz memwa yo nan lang manman yo.

Nan sa ki gen pou wè ak pwodiksyon literè, ki jwe yon kokennchenn wòl nan fason yon lang evolye, direktè a deklare te deja gen jenn k ap pwodui, defann lang lan, sitou nan pwezi, depi anvan AKA egziste. Pou li menm, avèk AKA, jenn yo santi yo pi lib pou pwodui nan lang pa yo, san yo pa gen yon latriye prejije ki mare pye yo. Nan lide pou plis ankouraje sa, Jean Rony Beaucicault deklare akademi an ap travay sou yon pri literè pou rekonpanse jenn ki ap pwodui nan lang lan.

Jean Rony Beaucicault ankouraje jenn yo kontinye lite pou respè dwa lengistik yo. Pou li : « Yon moun dwe lib pou chwazi lang kreyòl pou pale, ekri tèz memwa li, kominike ak sitwayen parèy li. Lalwa ba li dwa sa ». Li pwofite mete aksan sou nesesite ki genyen pou tout moun mete men ak akademi an. Se travay tout pitit tè a, tout gason ak fanm kòd lonbrik yo makonnen ak tè peyi Ayiti.

Ketsia Sara Despeignes

Laisser un commentaire