jeu. Avr 25th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

bastengal

1 min read

M s on lajounen san koulè

Se lespwa k ap nike kèk degout koulè banm

Pou m travèse midi

Se bretèl ki sèvi m pasrèl…

kòman pou m ret an ekilib ak prezan?

Si m pa rive pale de fiti

Se paske vennkatrè m renouvlab

Imajine si lanati deside pa leve

Si mèt lavi ta santi l bouke

Twòp inosans rann mwen koupab

M s on kobay

Yo vòlè menm kakas rèv mwen

M s on otaj

Kòb lakòlèt li pa rive bout

Machandiz anba tonèl ensekirite

Lavi m sou etajè malfezan

Lanmò plede machande m

M s on souf san vi

Ki sou woulib

San fren                                               

M s on bastengal nan fouk yon sangwen !

Loup-vens

Laisser un commentaire