ven. Mai 17th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Gouvènman/Mon Cash :pwosesis dekèsman an kòmanse depi ayè 30 Avril la

2 min read

Gouvènman an chwazi sèvis MONCASH pou akonpanye popilasyon an nan moman kriz Kowonaviris la. Digicel toujou vle pote kontribisyon li tout fason sa posib, e Moncash se yon zouti ki ka pèmèt fè debousman yo pi rapid e plis an sekirite.

Pwosesis dekèsman an kòmanse ayè 30 Avril la. Men nou vle klarifye, se pa tout depo yo k ap fèt yon sèl kou. Gouvènman an te idantifye yon premye lis ki genyen 22,888 moun e moun sa yo resevwa lajan pa yo nan dat 30 Avril la.

Debousman yo ap fèt gradyèlman, e benefisyè yo ap enfòme lè dekèsman ap fèt pou yo. Otorite yo ap fè anons lan ofisyèlman. Nou menm nan MonCash, n ap alète chak benefisyè tou ak yon konfimasyon SMS aprè depo a fin fèt pou yo.

Pa bliye, lè w resevwa SMS sa a, wap wè se MONCASH ki voye l pou ou. Pa gen ankenn lòt nimewo ki pral voye mesaj sa pou ou. Si ou wè se yon nimewo òdinè ki di w pami benefisyè yo, inyore mesaj la.

Voye jete tout lòt mesaj oswa apèl ki ta vle fè w kwè ke w benefisye lajan an, ke w dwe antre yon kòd pou w jwenn li. Lajan w ap resevwa a, ou p ap bezwen lòt kòd pou w jwenn li. Lè ou fin resevwa konfimasyon SMS la, wap ka verifye balans lè w fè

*202*41*kòdsekrèa# a epi wè kantite lajan an sou kont ou.

Nap enfòme tout kliyantèl nou an ke lis benefisyè yo ap sòti nan gouvènman an. Digicel pa enplike nan miz an plas lis sa yo.

Nou vle presize tou ke menm yon moun ki poko gen kont Moncash ka sou lis yo a. Men si ou poko gen kont MonCash, n ap kontakte w pou enfòme w pa SMS, e ou ka louvre kont ou fasilman ak kòd *202# la. Si ou bezwen asistans, ou ka toujou rele nan 202 a tou.

Laisser un commentaire