mer. Avr 17th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Manman

1 min read

Pafwa m dekouraje

Se te toujou konsa sa te ye

Poukisa sa ta chanje ?

Eske m merite’l vre? 

Ou panse’m koupab tou ?

Manman sanble ou pat vle’m ditou?

Eske’m se yon Caïen tou ?

Oubyen se sel mwen ki jalou

-Kiyes ou pi renmen manman ? 

-m renmen’w tou cheri detanzantan

-ou pa ta ka renmenm toutan?

-Pou sa fow ta chanje konpotman

Kè’m senyen , dlo koule nan jem

Pou sè’m yo li gen rezon , pou dot sa pa bon

Men se pou ti moso lanmou wi

Depi 50 an map afronte lavi

Alèkile ou nan tonb ou

Lè 2 je’n kontre ankò

Nan lavi apre lanmò

Ma diw pouki m te rebel avek ou 

Manman

Laisser un commentaire