ven. Avr 19th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Mwen desann twò ba

3 min read

Mwen chita devan glas la m’ pa rekonèt mwen paskem pat konn si mwen tap desann ba konsa.

Manman’m ak papa’m mouri kite sèl mwen, se vre m pa timoun piti men èd yo tap itil mwen paske’m telman dwe m preske fou. ou nan yon travay se anba redi yap peyew. Mwen gen tout kalte pwoblèm epiw patadi se espre lajan fè ou pa fouti jwenn li.

Maten an pandan mwen pwal travay mèt kay la vinn fèm sonje ke lwayem bout sim pa peyel jodia lap metem deyò nèt li pap renouvle avem pou lòt ane, bagay la banm pwoblèm  pandan tout jounen an. Yon sèl moun mwen konnen ki ka edem nan ka sa, se sèl Patrik, mwen pran telefon mwen plizye fwa poum rele Patrik, men a chak fwa m depozel, pawòl li yo ap repase nan tèt mwen : « -tout saw bezwen cherim m pre poum bawoul si se lajan kelkeswa montan map ba oul bb»  se pa rele m pata relel non men nèg la pa mennaj mwen em pa timoun piti m konnen sak gen dèyè kòb sa lap banm nan.

Blòk 2zè mwen reziyenm mwen rele Patrik em dil tout pwoblèm mwen avan menm nou finn pale li voye 10 000 dola sou kanè mwen , ayiti pa fè dola sa vle di nou tou deja wè de ki dola mp pale.  Li dim lap finn travay a katrè lap pase chèchem. Mwen komanse ap swe paske li gentan voye kob la sa vle di se pa kob la lap vinn banm a katrè a.

Katrè trant mwen finn travay. Map pase poud nan figim . li ekrim dim li deyò a lap tann mwen, mwen soti mal jwenn li, jan lap souri ban mwen selman degoutem, Patrik gen 62lane, li te yon bon zanmi papam men depi lontan lap fem avans m pat janm nan pran pa avèl.

-bonswa manmi kijanw ye bb?

– bonswa Patrik m byen et ou?

Li reponn mwen kel plis ke byen. Li dim nap monte petyonvil nan yon otel, kote a te bèl se vre men se pat ak sa m tap panse. Mwen antre nan douch la mal benyen, se kòm ki la nanm mwen pa la,map panse ak manman’m, map mandel padon paske mp dezonore prensip ke’l te banm, si sa posib vre se pa vire selman sè Ivèt ap vire nan sèkey li nan moman sa. Pandan’m nan douch la m tandel ap rele pou yo pot manje pou nou, nan moman sa la m pa kwè map ka vale anyen, mwen sot nan douch la ak sevyet la sou mwen.

-Mwen komande manje ou met alèz manmie kitem al benyen.

Pandan lal benyen an m ret sou kabann nan, Mwen chita devan glas la m pa rekonet mwen paskem pat konn si mwen tap desann ba konsa. Dlo ap kouri nan jem mwen kouri siyèl.  Kenz minit pa pase mwen wèl soti nan douch la san sevyèt, li vini tou kanpe tankou yon solda ki pare poul tire.

Se lè sa mwen wè kem vann nanm mwen kay djab.

Laisser un commentaire