sam. Avr 20th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Mwen rayi

1 min read

Mwen rayi chak segond ou te pase avèl Mwen rayi fason ou te renmenl lan , li pat dwe jwenn tout sa . Mwen rayi lanmou ou te pataje avèl la , mwen rayi volim dife ki tap limen andanw pou li chak fwal relew papi .

Mwen rayi chak fwa ou te konn d’il «  »je t’aime ‘ » . Mwen rayiw paskéw te two damoul . M pas konn si se li , si se ou menm konnen kounya m pa ka fèw plezi ,m konnen kounya wap viv nan onb li .

Ou kitel mennenw , jouk li fem rayil , pandan mwen m renmenw jouk m rayi pasew M pas ta dwe konsa , non m pat sipoze ap bal madichon , m potko la , m ta dwe di sa pas gadem . 

Men kisaw vlem fè si menm nan souriw m wé imaj li , si lé wap gadem m wè reflèl nan jèw . Si chak fois ou dim ou renmenm , lanmou ou te gen pou li a anpechel rive sou mwen ak tout fós ou d’il la . 

 M rayi chak fwa ou te konn manyen pol , m rayi chak fwa lang ou te konn desann bó koul . M santi alsiyis li yo mankew , m santi kèw toujou ap bat fó lè wap pale de li . dezole , menm rayi chak fwa wap eseye renmenl nan mwen .

 Plume_Vicieuse

Laisser un commentaire