ven. Avr 19th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Solèy bouke frote je l’

1 min read

Pou kadav k’ap tonbe

Gwo midi

Nyaj yo bouke krache

Nan figi zetwal k’ap etenn

Avan minwi

Van ap plenn ak raj

Nan mitan silans inosans ou kite

Zwezo vole lwen fwontyè

Pou yo pa tande ti souf ou k’ap tenyen

Awousa pran ou ak bal

Katouch dechire rèv ou

Menm jan ak kè nou

Dlo rigòl deraye, pran lari

Pou ti lèzanj k’ap peri

Avan lanjelis

Dezespwa pote nanm nou ale

Piti piti

Lòtbò rivyè a

Ou ale

Yo pa baw chans pou ou grandi

Yo keyi ou tou wòwòt

Rèv ou ret anprizonnen nan bòt

Fèy papye m’ mouye

Lank plim mwen sèch

Dlo je m’ pa ase pou m rakonte

Vag lanmè tranpe kouraj mwen

Sab pa kitel seche

An silans n’ap gade ou

K’ap defile nan koulwa lanmò

Bawon derefize resevwa ou

Zanj yo refize make tras pa ou

Lavi ale kite ou

Tan demake ou

Rèv ou bout

Nan kòmansman somèy ou

Reyalite a ratrape ou ak on bal

Ou ale kite lavi ou

Yo pa kite ou make tan

Ou etenn

Avan kòmansman nwuit lan

Ou etenn

Ou kite etensèl ou

Pwezi lib mwen pèdi zèl

Rim mwen yo anchene

Yo makonnen ak kri koridò yo

Rim mwen silansye

Men m’espere y’ap fè plis bri

Ke bal madichonnen yo

Pou JIMMY.

Encre_Sous_Plume

Leyla Pierre Louis

Laisser un commentaire