mar. Avr 23rd, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

VANSE

3 min read

Gen yon flè ki egziste ki pouse selman lannwit,li ouvè kòl plis lè li nan lonbraj,Li pouse malgre fènwa.

nou pa ka chanje sa ki te pase a malgre tout  santiman nou gen nn tchè nou,nou ap oblije abandone.Sou chimen lavi mwen,mw wè anpil bagay ki te ka fèm pèdi espwa e sim pat mete fanm nan fanm mw m patap menm ka bliye youn ladan yo.

Mwen tap fòse bliye ou men san rezilta paske se patsa mwen te vle ak tout kèm,lanmou sa anchennen mwen.Lesprim sèvim televizyon poum gade tout bèl souvni sa yo kap defile Komsi se te yè.

Moman sa yo fèm santim  fanm e mwen ta bay tout sam genyen poum te ka reviv yo pou jiskaske souf mwen koupe.Anpil fwa m santim dezespere  poum ap viv yon vi kote se moun map fè plezi,eske se pa fòt mwen si jounen jodia nou pa tankou de ti zwazo nan syèl la kap vòltije ?paske m te gade bagay yo ki tap dejenere san fè anyen e m tap gade lanmou nou ki tap degingole tankou ròch  nan mòn yo.

Map eseye bay tèt mwen espwa ke yon jou nap viv lanmou sa kote ou ap la e mwen ki ap ratrape tout erè nou yo paske m pata renmen pèdi sam gen nan tchèm paske dife sa trò fò pou li etenn ak sèlman souvni sa yo kem kenbe yo.Mwen kite dòmi pranm komsi se te yon timoun ki te fè yon dezòd e kap refigye li nn dòmi pou paranl pa tiyel ak kout fwèt.Mwen te leve demen e mwen tap respire yon lòt sant helas mwen te santim pi mal ke yè ,anyen pat chanje.Mwen te chita sou kabann kote nou te pataje anpil tan ansanme souvni sa yo tap refè sifas e m sonje ke sa pa fè lontan kem tap viv moman sa yo e la mwen santi yon gran desepsyon,mwen santi.tout moun koupab nan jem pou sa kap rivem jounen jodia komsi se te yo ki te fèm sa ou fèm nan e ke yo gen eksplikasyon pou yo banm.Kounya la map eseye bay tèt mwen kouraj menmsi m santi yon lapèn.Se li.menm sèl ki te reveye tout santiman sa yo ak tout sansasyon e se li m pèdi.M pral eseye jwenn yon soulajman nan tout bagay ou pat vle fè ak mwen yo.Ou te pense kem te merite yon lot moun pou fèm souri men  se ou li te ye nan je pam e m vle kontinye renmenw e respekte tout sa ki ka fèt antre nou e sitou mete konsèy ou yo an pratik,kontinye viv.

Mwen jèn toujou se sak fè mw dwe sispann avan tout bagay vin pi mal,jiskaske mwen arive simonte tout eprèv sa yo.M pa pèdi tanm paske ou se yon moun ki espesyal petèt ke se mwen ki te chay la ou fado ou obstak, mwen paka rete ankò fok mwen ale,misyonm bò kotew fini .

Adjy Milien

Laisser un commentaire