mer. Avr 24th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Yon kout dlo cho, On kout dlo frēt

2 min read

Solēy ap fē lago ak lalin

Lajounen kou lannwit

Nan syēl lavi m’

Van ap fē lago ak lapli

Lajounen kou lannwit

Nan fetay kay Mwen

M’ap fē lago deli ak lavi

Eske se mwen k’ap kouri dēyē lavi?

Oubyen se lavi k’ap kouri dēyē m’?

Mwen pa konnen

Sèlman m’ap kouri

Kouri adwat, agoch

San m’ pa konn kote m’ prale

Ni kote m’ap rive

Sēlman m’ap kouri

M’pa wē ni adwat ni agoch

Tēt anba, nan yon mond alanvē

M’ap chache kot lavi kache

Yo séré lavi nan mōnn

Yo lage lanmō nan lari

Kilē n’a va jwenn lavi?

Anba solēy cho

Pandye nan kōd lamizē

Nan yon relasyon besti ak grangou nan vant

M’ap chēche kot lavi fē kwen

Depi lē kōk kōmanse chante

Pou jous l’anwe

M’ap tayé banda ak lavi

Plis solēy la ap disparēt nan lorizon

Plis m’ap ralanti nan kous mwen

Se pa chak jou m’ gen fōs pou m’ goumen

Gen de jou m’anvi dodo meya sou kabann bonē

M’anvi lage kōm kou lasirēn nan fon lanmē

Men se naje m’ap naje nan yon rigōl dlo santi

M’ap naje pou m’ pa neye

Se pa chak jou pye m’ ka sipōte

Pwa nanm mwen

M’ rive on kote m’ kanpe sēk

De pye m’ yo ap trepase

M’ bouke kouri

M’ bouke vire touwon nan mitan kat mi beton

Deli cho ! Deli frēt!

Sanble lavi kenbe m’ nan gōj li pa vle lage m’

Deli cho! Deli frēt!

Lavi salopete m’

On kout dlo cho, on kout dlo frēt

             Leyla Pierre Louis

Laisser un commentaire