ven. Avr 19th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Yon listwa

2 min read

Tan ale tan vini

Bajou kase n gran chimen

Nou pran tan

Pou n jwenn tan

Nou boujonnen

Chak fwa lawouze

Krache lematen

Nou mache nou swe

Nou bouke

Nou mache pi rèd

Nou pran tan

Nou pran van

Nou kanpe sou kan

Lavi bann ladrès

Pou tanpèt pa bote n ale

Lè nap flannen

Sou vant lavni

Tan ale tan kite n

Nou bale lorizon

Poun ka wè koulè tan

Anvann simen grenn

Pou demen ka miyò

Tan ale tan tounen

Lapli bare n solèy seche n

Nou la, je nan je

Donnen nap donnen

Pouse nap pouse

Nou kraponnen lanmizè

Sou chimen lespwa

Chak fwa n monte

Chodyè kè kontan

Ak espwa fè viv

Je nou louvri

Pou rat pa manje

Pye n anba dra mizè

Nou aprann bese tèt

Pou pousyè pa plenn je n

Men nou kanpe djanm

Nou jis pè poun pa pè

Nou jwe tout mizik

Ki nan renn

Depi n te ti katkat

Pou n jwenn kè kontan

Depi lè solèy

Lanmou baye

Sou tèt nou

Nan douvanjou

Santiman n fou

Anvi nou sou

Devan bak plezi

 Ak gwo bouji

Tou limen sou gran ri

LEPS le MAGnifik

Yon krèy pawòl

Nou pale tout pawòl

Pawòl madoulè

Pawòl djèdjè

Pawòl lejè

Pawòl yo fè mikalaw

Pawòl yo fè lakrilbit

Pawòl yo sou

Pawòl fou

Pawòl yo andemon

Pawòl yo tounen demon

Pawòl yo manje moun

Pawòl yo leve moun

Pawòl yo sou moun

Pawòl yo blaze moun

Pawòl yo kase kòd

Pawòl yo deraye

Pawòl yo anraje

Pawòl yo rèd

Pawòl yo kreve tan

Pawòl benyen nan san

Pawòl yo pran lwa

Pawòl yo woule atè

Pawòl yo leve kanpe

Pou pwent tete fanm.kinmouyr nan lapli

Pawòl yo vole

Pawòl yo pèdi nan lespas

Pawòl yo ale

Pawòl yo tounen

Pawòl yo twòp pou bouch nou

Pawòl yo soud

Pawòl yo bèbè…

LEPS le MAGnifik

Laisser un commentaire