dim. Avr 28th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

20 novanm 2020 : Jounen entènasyonal dwa tout timoun – Pledwaye pou dwa timoun ale lekòl

3 min read

Sa fè 31 lane depi anpil peyi nan mond lan te pran yon gwo angajman pou pwoteje tout timoun sou latè nan kad yon Konvansyon ki rele Konvensyon entènasyonal dwa timoun. Angajman sa a, te pran, jou ki te 20 novanm 1989. Ayiti ratifye konvansyon sa a, nan lane 1994. Sa vle di, konvansyon sa a fè pati sa yo rele kad jiridik peyi a.

20 novanm ane sa a, rive nan yon moman ki vin pi difisil pou tout moun nan peyi a. Lè gen pwoblèm konsa, anpil fwa nou bliye timoun yo. Nou bliye devwa ak obligasyon nou genyen pou ede peyi nou vanse nan kontinye envesti nan timoun yo. Li bon pou nou sonje, malgre tout difikilte n ap travèse, toujou gen timoun k ap fèt, y ap grandi, yo bezwen pwoteksyon ak bon jan levasyon. Timoun yo ap vini jèn, fò yo jwenn chans pou byen grandi, jwenn travay pou byen konstwi avni yo pou yon demen miyò. Timoun toujou prezan nan sosyete a. Dayè, se yo ki pral ranplase nou demen. Kidonk, malgre tout pwoblèm, fòk nou sonje timoun yo. Nou dwe sonje yo.

Timoun y o dwe ale lekòl pou bon devlopman yo, pou yo kòmanse jwi dwa yo kòm sa dwa, pandan n ap ba yo ouvèti sou mond la. Edikasyon, se you n nan dwa fondamantal Timoun yo genyen. Ledikasyon enpòtan anpil pou tout timoun ka evolye nan yon sosyete k ap chache chimen devlopman pou tout pitit li. Nou di byen, pou tout pitit li.

Jodi a, voye timoun lekòl, se yon dwa peyi a rekonèt depi lontan. Konstitisyon 1987 la, klè sou sa nan atik 32 pou rive 34,1. Leta dwe garanti tout Timoun dwa sila a.

Se nan sans sa, yon gwoup travayèz sosyal, nan kad yon pwogram ki rele an franse « Oreille Attentive » ap fè pledwaye sou dwa tout ti moun genyen pou ale lekòl. Jodi a, 20 novam 2020, nap selebre dwa timoun, nan yon moman ki reyèlman difisil pou peyi a : kriz politik, kriz ekonomik ak sosyal, ensekirite tout kote (elèv ap pran bal epi mouri ak inifòm sou do yo, y ’ap kidnape elèv….). Nan tout sitiyasyon sa a, nou paka bliye, chay pandemi kovid diznèf la pote ba nou nan kòmansman ane akademik 2020-2021 an. Sa kap pase konsa nan peyi a mezanmi? Apa nou refize sonje tout timoun dwe ale lekòl ? kote Leta nan sitiyasyon sa a ? Ki sa nou fè ak Konstitisyon an, ak konvansyon entènasyonal nou ratifye sou dwa timoun yo ?

Se sou kesyon sa yo, twa travayèz sosyal nan kad pwogram sa a, ki rele nan lang franse « Oreille Attentive », yon group Refleksyon Aksyon Fòmasyon -RAF- ap fè pledwaye sou dwa ale lekòl tout timoun nan peyi a. Nou gen pwoblèm se vre, men nou pa gen dwa bliye timoun yo. Nou dwe sonje tout timoun nou yo, tout pitit peyi a. Nou pa gen dwa ap fè kòmsi nou pa wè, kòmsi nou pa tande, kòmsi nou pat konnen. 20 novanm ane sa, ann pran desizyon pou nou aji pou timoun yo, nan enterè yo, san diskriminasyon. An nou sonje timoun ki andikape yo espesyalman nan moman sa a.
Pa bliye, nan menm sans Nelson Mandela, te di sa, ledikasyon se yon gwo zam, se zam ki pi pwisan, nou ka itilize pou chanje mond la.

Ann pran desizyon pou chanje Ayiti, pandan nap pèmèt tout timoun ale lekòl nan bon kondisyon.

Jou ki vandredi 20 novanm 2020
Prepare ak patisipasyon :
Irdèle Lubin Ph.D, Travayèz sosyal
Jésula M. Pierrin, Travayèz sosyal
Karty Vixamar Travayèz Sosyal

Laisser un commentaire