sam. Avr 27th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Mil koulē melanje

1 min read
    Mil penso makonnen Je fēmen San modēl Nan yon ti kwen fē nwa Pafime ak pousyē Limena ap penn rēv li Sou yon twal sal San bouyon L’ap voye kout penso sovaj Ak raj Rēv li pēdi nan raje Jipon l’ krankannen nan janbe dife Poutan se dlo, jel’ ap desine Seren lavi refwadi kē l’ Van desten sakaje nanm li Men kouwē on bato san vwal l’ap navige sou yon syēl san zetwal Tēt mare Kōd nan ren Pye atē L’ap goumen ak lamizē Lē grangou mare trip li L’oblije gouye sou lalin Pou l’ soulaje vant li Pandan l’ap priye pou solēy pa bare l’ Kout penso adwat Kout penso agoch Lakansyēl lavi l’ gen twa koulē  Ki prēt pou disparēt Lavi pile pyel Paske l’ pa konn danse Bote l’ anvlimen Men li pa janm sispann penn  Rēv li ki derasinen Kout penso adwat Kout penso agoch Se penti l’ap gaspiye Pou l’ pa deraye Se gouye l’ap gouye Limena ap tayé banda Pou moun pa gad anba l’ Kout penso mal depoze Kout penso tonbe move kote Penti an gaye Twal la gate Ak mil koulē melanje           Leyla Pierre Louis

Laisser un commentaire