dim. Avr 28th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Si yo poko boukante’w tan’n

2 min read

Doulè platonnen bobin Egzistans

Lavi pa bay fil a nesans

Elevwa pou bwas..

Lekol kraze lapatèt nou

Ak Ti bout ke sosyete a san jilèt

Fas koripsyon n’ap fè koule

Menm nan van lespwa nap fè tèt

Nan chache sakad chanjman

Solèy boule plastik ki kouvri nou

Yon jenès ti kap 🪁

K’ap domine grandou…….

Nou son ze 🥚ki Pat fèt pou pouri

Men pito pou’n te kale🐣

Kòm leta pa sispann pèdi plim

Yo Mete’n kouve anba vant krim

Nou gen zye 👁️ selman pou dlo kouri

men pou sak fè’n mal ki pa gendwa kale👀

M’ta renmen konn Koman èt siprèm nan santi’l🤔

A chak fwa yo fè lanmò pran lavi Yon jèn pou enbesil ?….

N’ap viv sou 2 pye’n

Ak Yon beki nan panse’n

Kòm yo paka soude pye’n

Pou’n pa leve kanpe

Ak plis trajedi chak jou y’ap rekonpanse’n

Malgre’n trase koub ki pase nan enfini

Sa pa anpeche’n ale dwat anba kout bèk malfini

Ak règ ki di: si se yo k’ koupab nap swiv

Tout inosan ap pase a l’enfinitif

Youn pa Youn Piti kou gran n’ap fini

San bag lanmò epouze tan’n

Lavi’n voltije tankou blad nan touf pikan

Se pa pou blag si’m pa janm di adieu a sak ale yo, m’selman konnen yo pran devan

Jodi pou yo, men demen, mw yo mèt tann….

Nan koulè san’n kounya lakansyèl fè nofraj

Gen sa ki debou toujou, san fòs san kouraj

Yon sosyete tòl wouye sou avni jèn k’ap koule beton

menm devan sak antò nou pèdi rezon

Yo pa sispann tchake karaktè’n

Ki fè Se ak bal madichon bandichay koupe lonbrik mizè’n…….

Mackenson JEAN

Le parolier

Laisser un commentaire