lun. Avr 29th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Se ou’m renmen

1 min read

Ou pa pi bo ke’m kwaze 

Ou pa pi save ke’m rankontre 

Men se ou’m renmen

Ou pa pi rich ke’m konnen

Ou pa pi brav ni pi kreten

Poutan se ou’m renmen

Ou pa janm gen foli jènjan 

Ou pa montre’m ke’w vanyan

Epi se ou’m renmen

Mwen wè nan ou yon moun saj 

Men ou pa pwouve’m ou gen kouraj 

Anverite se ou’m renmen 

Ou pa moun kap fou pou plezi 

Men mwen garanti’w ou fè’m *crazy*

Trè respektye ou pa radi 

Se pou sa mwen vle montre’w paradi 

Finalman se ou’m renmen

Spelan TRESIUS

Laisser un commentaire