mer. Avr 17th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Avi enpòtan MonCash: Enfòmasyon ou dwe konnen

2 min read

Gouvènman an chwazi sèvis MONCASH nou an pou akonpanye popilasyon an nan moman kriz Kowonaviris sa. Nou byen kontan bay asistans nou.

Jiskaprezan inisyativ sa rete nan faz yon pwojè ke n ap travay sou li maten midi swa. Nan tèt kole ak rèsponsab yo, n ap asire nou ke nou jwenn bon enfòmasyon ak done k ap pèmèt nou pran tout dispozisyon pou sa fèt nan transparans e san dezòd.

An atandan, Digicel vle klarifye ke poko gen okenn depo ki fèt sou kont pèsonn. Pa gen okenn kòd pou w antre nan telefòn ou pou w verifye si w jwenn kòb la. Inyore tout mesaj oubyen apèl ki ta vle fè w kwè lekontrè. Denonse moun k ap twonpe vijilans sitwayen yo ak fo nouvèl sa yo. Fè nimewo yo rive jwenn nou e n ap fè suivi bò kote enstans konsène yo pou netralize yo.

Lè tout bagay fin pare, anons lan ap fèt nan tèt kole ak rèsponsab yo atravè kanal kominikasyon ofisyèl yo.

Pa bliye, pou w benifisye pwogram sa e depi w nan lis gouvènman an detèmine, w ap sèlman bezwen gen yon kont Moncash.

Enfòmasyon Itil:

1- Pou w kreye kont Moncash la, ou p ap peye yon goud e ou pa bezwen al nan okenn magazen oswa ajan Digicel. Sèlman konpoze *202#, antre non w, siyati w, dat ou fèt ak yon kòd sekrè epi suiv enstriksyon yo.

2- Pou moun ki gen kont lan deja, men ki bliye kòd sekrè a, nap avize w ke sèvis kliyantèl nou a pral fè yon laj kanpay pou kontakte kliyan nou dirèkteman pou asiste yo, evite yo deplase le plis posib, nan magazen ak kay ajan. Pa bliye, nan moman sa yo, fòk nou ka kreye distans sosyal nan tout sikonstans.

3- Si w bezwen lòt enfòmasyon sou sèvis Moncash la rele nan 202.

4- Lè kòb la disponib, w ap resevwa yon mesaj ofisyèl de Digicel k ap di w sa e k ap mande w verifye balans ou ak 20241*kòd sekrè a#. (Pa fè okenn lòt kòd ke w jwenn sou rezo soyal yo).

Rete vijilan !

LaveMenW

MeteMaskOu

Laisser un commentaire