mer. Avr 17th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Biwo Minis delege bò kot Premye Minis lan k ap jere dosye sitwayènte ak patriyotis akeyi ak bra louvri piblikasyon avan pwojè tèks konstitisyon an

2 min read

Biwo Minis delege bò kot Premye Minis lan k ap jere dosye sitwayènte ak patriyotis lan akeyi ak bra louvri piblikasyon avan pwojè tèks konstitisyon an, epi li pwofite salye kokennchenn travay sa a ke manb komite konsiltatif endepandan an rive fè pou akouche tèks sila a.

Biwo Minis lan apresye tout nouvote ki rive kreye anndan tèks sila, tankou ouvèti ki bay ak konpatriyòt k ap viv lòt bò dlo yo, dispozisyon pou prezève baz demokratik yo, klarifikasyon sou nati yon lòt rejim politik, detay ki gen pou wè ak ekilib nan mitan twa (3) pouvwa leta yo, garanti ak pwoteksyon dwa ak libète sitwayen yo, mizanplas ki pran an kont avansman kontèks enstitisyonèl lan, politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi an elatriye.

Nan sans sa a, l ap pwofite envite tout pitit peyi an, kèlkeswa kote y ap viv sou latè pou apwopriye yo de tèks sa a, yon fason pou fè deba sou li nan mitan fanmi yo, espas relijye yo, nan òganizasyon peyizan yo, nan katye popilè yo, anndan inivèsite yo, nan òganizasyon jèn yo, nan sosyete sivil lan, nan òganizasyon fanm. San bliye, ke l p ap janm sispann ankouraje entegrasyon ak patisipasyon frè ak sè nou yo nan dyaspora a epi plede pou yo jwi tout bon vre dwa sivil ak politik yo, an atandan vòt sou referandòm lan rive nan mwa avril ane 2021 an. Konsa, biwo Minis delege an ap ankouraje konsèy konsiltatif endepandan an rankontre tout sektè yo alawonnbadè yon fason pou tout moun ak tout kouch nèt ka ladan l.

Pou fini, nan non administrasyon MOISE-JOUTHE lan, biwo Minis delege bò kot Premye Minis lan k ap jere dosye sitwayènte ak patriyotis lan vle renouvle angajman l bò kote tout sitwayen ak sitwayèn yo nan batay k ap fèt pou chanje tout bon vre kondisyon lavi yo epi bati yon sosyete jis, ekilibre epi kote tout moun ladan l.

Laisser un commentaire