mar. Avr 23rd, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

UNESCO ap itilize lang kreyòl ayisyen an kounye a

4 min read

Pandan yon reyinyon kite fèt 29 janvye 2021 ak gwo responsab nan UNESCO, Madam Dominique Dupuy, Anbasadè, Delege Pèmanan Ayiti nan UNESCO, te mande pou itilize kreyòl, menm jan ak fransè, nan biwo UNESCO ki nan Pòtoprens lan, nan lide pou respekte dwa lengwistik popilasyon ayisyen an. Li te mande tou pou UNESCO pran angajman pou kontribye plis nan pi bon vizibilite kreyòl, youn nan de lang ofisyèl peyi a. Deja, depi nan dat premye fevriye 2021, itilizatè entènèt yo ka remake UNESCO ann  Ayiti koumanse kominike tou an kreyòl sou rezo sosyal yo.

Reprezantan Ayiti a, pandan rankont sa a, te mande pou kominikasyon ak piblikasyon Òganizasyonan fèt an kreyòl pou pèmèt popilasyon ayisyen an gen pi bon ak sè ak kontni k ap difize yo. Li te byen presize volonte li :itilizasyon kreyòl nan tout konferans ak aktivite k’ap fèt nan peyi a, mete an plas yon sèvis entèpretasyon pandan dewoulman seyans yo, tradiksyon dokiman (sitou sila yo ki enpòtan nan kad travay ki dwe reyalizeyo). UNESCO pran nòt sou pwen sa yo epi li angaje l nan mobilize resous ki nesesè yo pandan mwa fevriye 2021. « Mwen salye UNESCO ki, fidèl ak manda li genyen pou prezève divèsite kiltirèl nan mond lan, te apiye demann nou an pou pi bon enklizyon lengwistik ann Ayiti, poubay bourad ak lang kreyòl la. Pledwaye pou lang matènèl nou an se youn nan misyon mwen genyen », se konsa Madam Dominique Dupuy te eksprime kontantman li, pandan li te presize Delegasyon Pèmanan ann Ayiti nan UNESCO sèvi avèk tou de lang yo nan tout kominikasyon  li fè.

Kreyòl la jwe yon wòl trè enpòtan ann Ayiti. Li fasilite linyon, ranfòse lanmou nou gen pou kilti nou epi li konekte nou ak peyi a. « Nou vrèman kontan ak enklizyon gradyèl lang kreyòl la nan biwo UNESCO nan Pòtoprens. Premye etap la se tradiksyon zouti kominikasyon yo an kreyòl, men yon plan pi laj pou itilizasyon lang kreyòl la ta dwe tou devlope ak aplike anndan UNESCO,ak yon vèsyon kreyòl sit entènèt Biwo a ann Ayiti. Lang kreyòl la enpòtan anpil kòm yon zouti pou kominikasyon ak pou mete an vale tradisyon nou kòm pèp kreyolofòn yo te kolonize », se deklarasyon Mesye Ricarson Dorcé, etnològ epi espesyalis nan patrimwàn kiltirèl imateryèl.

Lang ak kilti kreyòl la dwe gen valè nan nivo enstitisyonèl, nan tout òganizasyon entènasyonal Ayiti manm yo. UNESCO ka fè plis toujou, dayè sa se yon pati nan misyon li yo.Depi 2000, chak 21 fevriye, UNESCO selebre Jou entènasyonal lang manman yo. Se yon okazyon pou sansibilize, fè pwomosyon divèsite lengwistik ak kiltirèl. Daprè UNESCO, pa gen devlopman lokal dirab san aksè ak enfòmasyon epi konesans nan lang manman sitwayen yo, san lòt lang yo pa ta dwe neglije tou. Kreyòl manman nou an patisipe nan sikilasyon istwa nou, memwa nou, konesans tradisyonèl nou yo. Li ranpli yon fonksyon fondamantal nan lojik patisipasyon tout moun nan pwosesis transfòmasyon sosyete a. Biwo UNESCO nan Pòtoprens lan  gen anpil enterèran fòse angajman li bò kote Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA) pou ankouraje lang ak kilti kreyòl kiesansyèl pou devlopman lokal dirab ann Ayiti. Sou paj Facebook li, lengwis ayisyen ki pwofesè nan Enstiti Teknoloji Massachussets (MIT), Michel Frédéric Degrafffè nou konprann « pwomosyon  lang kreyòl la ka kraze baryè lengwistik k ap pede repwodui inegalite sosyal ann Ayiti. Se sèl lang kreyòl la ki ka sèvi kòmmotè pou kreyasyon ak pataj konesans ak pouvwa pou tout sitwayen toupatou nan peyi a san fòs kote, san demagoji… ». Pou Kesler Bien-Aimé, pwofesè nan Inivèsite Leta ann Ayiti epi espesyalis nan sektè kiltirèl nan Komisyon Nasyonal Ayisyen pou Kowoperasyon ak UNESCO, se yon bon nouvèl lè Biwo UNESCO nan Pòtoprens chwazi asosye l avèk dinamik pou valorize lang kreyòl la nan nivo enstitisyon yo. »Sa a se yon zak responsab anvè peyi nou ak kominote nou. Dayè, se prèvrespè pou Konstitis yon peyi a ki plas ekreyòl ak fransè nan menm nivo, men tou se natirèl UNESCO fè sa, paske sa se miwa misyon ak valè li yo », se presizyon sa a sosyològla te pote.

Boutofen, n ap raple wòl Biwo UNESCO a nan Pòtoprens se kontribye nan reyalizasyon manda Òganizasyon an annAyiti, nan bay bourad nan divèsdomèn : edikasyon, dwamoun, syans, pwoteksyon patrimwàn kiltirèl, kominikasyon ak enfòmasyon. Ayiti pami premye  peyi ki te rantre nan UNESCO nan lane 1946.

Fritz Laventure

Laisser un commentaire