ven. Avr 26th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Mwen ta renmen

1 min read

Mwen renmen 4è di maten

Pandanw ap dòmi

Mwen foure tet mwen anba Wob ou

Mwen reveyew ak lang mwen

Mwen renmen lèw apènn leve

Brid nan figiw

Ak Bouch ou san bwose

Epim bo’w

Mwen renmen lel fè nwa

Se lè sa’w fèm vizite syèl

Konsa tou’m renmen limyè

Poum gade jew kap tounen lanvè

Mwen renmen lèw pral benyen

Ak sèvyet ou pase kotem

Mwen suiv ou tankou ti Chen

Tou kanpe’m manje gato’w

Mwen renmen lèw banm do

Mwen pase lang mwen bò zòrèy ou

Mwen baw yon ti tap

Pouw ap dim ret nan wòl mwen

Mwen renmen lèw abiye

Poum chita ap admirew

Menm pi renmen lèw san rad

Paskew pi bèl toutouni

Mwen renmen’w lè’w diw Manmi

Pouw mandem siw ka fèm

Menw bliye sim te refèt

Depi jou’m te goute tetew

*Mwen renmen*

Kerver Wenderson Pierre

1 thought on “Mwen ta renmen

Laisser un commentaire