jeu. Avr 25th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Yon Ti Bat bouch, yon lòt kout plim

2 min read

Yon lòt kout plim pou pote yon lòt pawòl. Yon lòt pawòl pou tradui menm reyalite n ap konnen depi sou prezidan Bann machwè.

« Mwen menm sa m pèdi nan dikta

Ti malere pye blanch tankou m

Sa m pèdi nan dikta »

N kapab li nan rekèy pwezi ke Pierre Wilkens Cherismé ekri, ki titre Bat Bouch. Liv sa ki pa koute plis ke senk san goud, apèn sòti nan Edisyon Freda. Se yon manyè pou otè a eksprime sa k ap travèse l kòm emosyon ak fristrasyon. Se pou li yon fason tou pou l fè pale talan li nan latizay sa ki se pwezi.

Se pou rezon sila ke andedan rekèy Bat Bouch la  n kapab jwenn twa pati kote ke yo chak touche yon tematik diferan. Yon premye pati ki ewotik; yon dezyèm kote ke powèt angaje an pran pozisyon kritik pa rapò ak lòd sosyo-ekonomik ak politik ki tabli nan peyi a. Nan fen dokiman an, Pierre Wilkens Cherismé (Ti pyè) pwopoze ak anmoure ak anmourèz pwezi yo, yon lòt estil, yon lòt modèl ekriti powetik.

Powèt Cherismé fèt nan lakou Site solèy, l grandi ant Tibwa, Kastwo ak Belè. Sa ki pèmèt otè Bat Bouch la konprann, depi tou piti, koze ki gen awè ak latizay, ak sitou zafè politik. Etidyan Sosyoloji nan Falilte syanzimèn lan, Pierre Wilkens Cherismé, ki te gen chans fòme tèt li nan plizyè sant atistik, ap siyen madi 3 novanm lan, premye zèv powetik li. Nan kad vant siyati sila a ki ap tanmen a 2zè nan apremidi nan Jaden Sanba, batayè Powèt Ricardo Boucher, Rapè Rebèl Pakamò, Chantè angaje Kébert Bastien ak D-fi Powèt Revòlte, ap la pou pote yon lòt koulè nan kokennchenn evènman sila a.

Statler LUCZAMA

Luczstadler96@gmail.com

Laisser un commentaire