dim. Avr 28th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Eskew prè pouw pase ton Nwel

1 min read

Map pozew ti kesyon sa se pou kri
yon pèp k’ap viv nan malabou

Sou lopresyon yon bann rapas ki san lanmou

Ki refize konn grangou nan vant pa dou

Ki gen kè pi mal pase zenglendou
Kote gen Yon pèp lamize fin kagou
Anba men yon bann bakoulou
Eskew prè pouw pase?

Nan yn peyi ki pa konn enpotans lavi
Kote jenn yo ap mal fini
Nan yon peyi pouw gen karaktè fok ou gen kay ak tè
Aprè 14 zan lekòl jenn yo sou yon ban di
Yo fè yo vin tounen yon bandi
Pifo jenn yo fin tounen lepandyè
Nan pran liy anbasad pou yal lave chodyè
Eskew prè pouw pase?
Nan yon peyi menm Rokfam kanpe dèyè barikad
Nap viv yon vi nou pa konn sak sivil ak sa ki gad
Nan yon peyi ki gen yon fanfa vyolans sèl mayestro
Fizi ap chante refren nan tout vil yo
Nan yon peyi nou chaje lalwa pou nou fè pomad
Menm lè leta peyi a tounen nomad
Aprè tèks sa mwen konnen lavim ka kout
Men sa pa ka fè rès jenn yo ret nan rout.

                                                                                     Le vrai Jovenel Francois

Laisser un commentaire