sam. Avr 20th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Drapo nou,senbòl libète nou

3 min read

18 me 1803-18 me 2021

Jounen Jodi a, sa fè 218 lane depi drapo nou te kreye. Si nou tout konen ki koulè e kisa ki ekri nan drapo sila, nou pa toujou konprann kisa li reprezante pou nou kom pèp. Drapo Sila gen yon konkennchenn istwa ki kache dèyè l makonnen ak anpil filozofi ke nou tout ta dwe dekouvri e pataje ak jenerasyon kap vini yo. Men tou, ke nou ta dwe pote avèk nou toupatou kote nou pase.

Aprè plis pase 2 syèk nan esklavaj, kote nou tap travay kont volonte nou pou nou anrichi Lafrans, zansèt nou yo ak anpil lot pèsonaj brav ke listwa pa kenbe non yo te chwazi batay pou nou kapab nou menm tou pran gou libète a ki se on dwa ke tout èt vivan genyen. Soti nan seremoni, pase nan anpwazonnman, mawonaj ak anpil lot fom revandikasyon anko.

 E se konsa, nan yon asanble jeneral kote chèf revolisyon sila yo te reyini, Papa Dessalines te pran drapo blan fransè yo e li chire pati ki blan an ki reprezante ras blan yo, e li bay Catherine Flon 2 lot bout yo ki se ble ak wouj pou li koud yo ansanm. Sa ki te on siy ke nou koupe fache ak blan fransè.

Jodi an, drapo nou pa ta dwe sèlman on bout moso twal pou nou rale monte e rale desann. Men li dwe pou nou on senbol de libète, kouraj ak detèminasyon pou nou kontinye mennen tout lot batay sosyetal yo e raple nou ke nou toujou on pèp ki lib ki pa dwe aksepte viv nan nenpot ki kondisyon.

Si jodi a nou gen anpil resous a dispozisyon nou, nan tan zansèt nou yo, li pat toujou konsa. Mwayen yo te limite anpil men gras ak bon konsyans, konvikasyon ak detèminasyon nou te rive mete atè pi gwo lame nan epok la ki tap mache piye teritwa kote malere yo te san defans e nou te pran dwa granmoun nou sou bout tè pa nou an.

Jodi a, pandan nap bay zansèt tankou Papa Dessalines, Klè Erez, Catherine Flon ak lot yo tout merit yo, nou pa dwe bliye ke travay yo an pat fini la. Nou gen pati pa nou pou nou fè tou pou libète sa kapab layite ko l nan panse nou e nan tout lot domèn nan lavi sosyal, ekonomik ak politik peyi nou.

Nou lib, nou egal e nou se frè ak sè ! An nou pote kole, mete men pou nou konstwi sa ki bon pou nou e pou drapo sila ki se yon patrimwann vivan kapab toujou kenbe sans li paske, men anpil : chay pa lou !

Nou te fèl deja nou ka refèl anko! 

Ann pote kole ,Ann enplike nou .

Ann nou egzije sa ki ap bon pou avansman sosye nou a .

Konesans ak listwa drapo nou pa dwe fèt chak 18 me, men li dwe ankre nan nou!

Yon lòt Ayiti posib nan lanmou ak respè younn pou lòt! 

#Prix Catherine Flon 2020

@Sheen-love Prévilon

@Christelle Monfiston 

#API

Laisser un commentaire