jeu. Avr 18th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Esmeralda

2 min read

Esmeralda

Ou pap janm konnen
Konbyen nanm ki fisire isi ba
Anndan konbyen kè
Emoraji ap fè bal maske.

Konbyen fwa fènwa
Klere rèv anba kalbas
Konbyen fwa lougarou
Vire won nan kafou
Kote soufrans resi pran poz

Esmeralda ap souri

M rete kwe nou pap janm ka konnen
Pouki solèy kriye a midi
Pouki lanati plenyen jouk li fou
Nou pap konprann
Sil leve anvan douvanjou
Sil boule plis pase tan pèdi
Se paske rèv pa janm blanchi.

Van lavi jwenn kachèt
Anba jipon l
Kote desespwa te gentan ap donnen
Men gade byen
Jan Esmeralda souri

Vag lanmè pa janm bay sab tan pou l seche
Move tan poko janm bal chans pou l fleri
Alòs li pito fè rasin
Nan on tè modi

On tè ki chaje ak fyète
On tè kote kouraj trase labirent
Men sou on tè kote mouchwa vèt
Toufe konsyans ak inosans

Esmeralda ap souri

Lap souri
Lap soufri
Men grèp li koule kafe
Chak lè kòk leve dra sou do minwi
Alòs
Lap souri

Lap souri ba nou
Bay lavi a
Lap souri ba yo
Bay bouro li
Je l louvri menm lè lawouze inonde senk mèt kare l
Alòs lap souri
Paske depi gen lavi gen espwa
Lap fleri, lap grandi

Souri non, Esmeralda…

Nap swiv

Tan gentan brote pli jenès nou ale

Lavi chè leve jipon vyeyès nou nan figi’n

Epoutan

Anmenmtan

Detanzantan

Dlo brote richès zantray nou ale

Alòs

Nap swiv

Nap swiv lanati kap kale je’l nan je’n

Nap swiv lanati kap kriye plis pase’n

Nap swiv lanati kap depafini anba je’n

Rete la

Ann swiv

Si’n pap trepase plis pase’

W.civil

Laisser un commentaire