ven. Mai 3rd, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Fòk Lekòl la relouvri, men…

5 min read

Lekòl pa relouvri,  paske Ayiti anba dlo, gwo dlo ak tanpèt sosyopolitik. Sitiyasyon sa a, se rezilta gouvènans tèt chat, kote moun, san enspirasyon, pran tèt Leta a depi digdantan, pou yo fè cho, gaspiye lajan, jwi privilèj epi anrichi tèt yo.

Anpil konsiderasyon fèt sou zafè sa a. Kèk moun ta vle fè kwè se politisyen ki bloke lekòl la.

Atansyon, Lekòl la pa bloke, se relouvri li pa ka relouvri, paske moun yo bouke. Pou Lekòl la bloke, fòk li te deja louvri. Lekòl la pa t janm relouvri.

 Lekòl la pa relouvri paske paran yo pa kapab ankò. Se pwoblèm gaz, pwoblèm manje, pwoblèm ensekirite, pwoblèm travay, pwoblèm ekolaj, pwoblèm materyè eskolè, pwoblèm maladi, pwoblèm dola ameriken, gouvènans tèt anba, ki anpeche Lekòl la louvri.

Mezanmi pwoblèm yo reyèl, sispann atò, pèp la di l bouke. Si nou te renmen tèt nou, nou ta aji ak konpasyon pou li.

Sou koze Lekòl la, kèk moun gen yon retorik klasik. Kisa retorik sa a di ? 

Opozisyon an bloke Lekòl la, pou pitit pèp la pa konn li. Anpil amalgam, konfizyon ak divèsyon fèt nan sans sa. Tankou Otorite Leta yo, ta mete mwayen  pou Lekòl la reprann, se nèg opozisyon ki bloke Lekòl la, paske pitit pa yo lekòl lòtbò dlo, tankou yo pa ta vle pitit pa pèp la ale lekòl bò isit.  Agiman sa a leje anpil, li pa solid, li chaje ak fòs kote. Li pa ka  konvenk moun ki konn sa sa vle di Ledikasyon nan yon peyi.

Lekòl se responsablite Leta. Sou Radyo Metwopòl te gen yon minis Ledikayon ki te di l pa ka foure bouch li nan zafè Lekòl prive, paske Ayiti ta yon peyi kapitalis. Kapitalis ou pa, nan peyi kote k gen elit ak dirijan responsab, Ledikasyon pa jann vann tankou diri ak pwa, patat ak mazonbèl, kote se moun ki gen lajan sèlman k ka achte. Lekòl pa fèt nan lojik mezi lajan w mezi wanga w.

Lajan Leta se lajan pèp la, nou dwe ba l priorite. Pèp la pap mande lacharite. Moun yo pa bezwen Kit eskolè, pou ti krik ti krak, yo mande bon jan sèvis nan dimansyon kapasite trezò piblik peyi  a. Moun ki pwopoze pou yo sèvi Leta a dwe voye tout timoun Lekòl, nan bon kondisyon ijèn ak anviwonnmantal.

Wi, Lekòl la dwe relouvri. Wi, fòk Lekòl la relouvri. Men atansyon mesye dam, li pap ka louvri pou sèlman kèk timoun , kote 80 pousan elèv yo pa ka ale lekòl. Abraham di sèt ase ! Lajan Leta a dwe sèvi pou voye tout  timoun lekòl alawonnbadè. Si yon paran vle voye pitit li nan yon lekòl prive, pa gen dram, men Leta dwe itilize lajan pèp la pou mete bon jan lekòl pou tout timoun, lekòl ki rele Lekòl.

Se dwa 20 pousan zotobre ak moun zafè bon nan peyi a poutèt y ap mande pou Lekòl la louvri pòt li atò. Nou pa kont sa. Se byen si moun sa yo renmen lekòl, sa ka fè peyi nou vanse Men diskou sa a t ap pi bon, li t ap pi lejitim, pi jis, si anpil nan moun sa yo ki gen pouvwa ak lajan te mobilize pouvwa yo, mwayen yo, ak privilèj yo genyen pou yo voye tout timoun nan peyi a lekòl. 

Ala bèl sa t ap bèl !

Pèp la di l bouke ak sistèm lekòl kote 15 pousan elèv pral lekòl an septanm, 20 pousan an oktòk, 30 pousan an novanm, rès la an janvye, san konte sila yo ki pa janm konn sa k rele Lekòl.  Nan lari a, moun yo di yo bouke poutèt  lajan lekòl, liv, manje, inifòm, se prensipal bagay ki rann yo pi pòv.

Mesye dam, nou menm k ap soutni Prezidan Jovenel Moise, malgre enkapasite l pou l dirije peyi nou an, nou dwe konnen Lekòl se yon opòtinite, yon dwa tout moun genyen. Li pa fèt sèlman pou moun ki genyen. Li pa dwe yon pwa 50 sou zèpòl malere ak malerèz, maten-midi-swa. Èske n panse politik esklizyon ak laperèz k ap aplike  la ka fè Lekòl relouvri ? Se pa kèk opozan ki gen fanmiy yo lòtbò dlo ki lakòz Lekòl la pa ka relouvri, si pito pèp la ki di li bouke ak makiyaj e move tretman. Yon malad ki an koma, medsen l pa ka ap ba l saridon.

Mesye dam, nou menm ki nan Opozisyon pliryèl la, Atansyon! Pèp la gen kan, li pa fanatik pesonn. Se move kondisyon ki mete li deyò. Se chaplèt  grangou, ensekirite, chomaj, fèm kay, tou touni, maladi ak pwoblèm ekolaj, ki mete l deyò. Atansyon, pa gen kado ! Tankou Prezidan Sena ayisyen an, Carl Murat Cantave, resi wè sa atò, se pèp la ki lejitim, Se li menm sèl ki ka di li pap fè wonn pòt, paske li enkane LEJITIMITE. Se poutèt sa a nan TRANZISYON ki pral tabli la, Lekòl pou tout moun lan dwe nan nannan dosye nou.

Pèp la dwe kontinye òganize li pou l rete nan lari a, jodi, demen, pou jouk tan, tout moun ki pwopoze tèt yo pou yo nan Leta a konprann se sèvitè yo ye, yo pa mèt.

Lekòl la dwe relouvri, lè gen dispozisyon ki pran pou nou fòme sitwayen, fanm ak gason, kote n ka chwazi  bon dirijan e viv tankou moun tout bon vre.

Rochambeau LAINY, Pwofesè UEH

Jean-Fritzner ETIENNE, Pwofesè UEH

Samuel REGULUS, Pwofesè UEH

Laisser un commentaire