ven. Avr 26th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Katiouboumbe !!!

6 min read

Se mo sa a 

Ke mwen wè ki kapab mye eksprime eta peyi sa a tombe nan tan sa yo 

Kidnaping ti Nèg avec 2 sineyas dominiken yo , fèm sonje ak yon bagay similè kite pase 16 zan de cela 

Nan ane 2005 

lè album lakou trankil de BelO te soti sou label soley sound ,

 kèk mwa apre nou te finn lage videyo jasminn , 

nou tap chache eleman ki pou rafrechi album lan .

Te gen yon animatè nan radio one ( hilbilly Haitian) misye te gen yon emisyon house mizik 

Hillbilly se pitit yon milat ak yon irlandèz ki grandi usa nan mitan yon pil blan rèdnèk , ki te deside vini viv Haiti de la li tombe nan radio one 

Yon aprè midi !

mèt du jeu ( Jn Marc Apollon , voye jel nan mizanond lan , li wèr yon blan ak yon espès de kamera nan menl kap filme hillbilly pandan lap fè emisyon an 

fòk mwen di nou  

se yon nonm ki gen flèèr , mèt du jeu.

li mande ,

 ki sitwayen sa a 

Epi apre hillbily esplike li ke se yon zanmi kalifòni ki vinn wè li haiti , paske yo pa wè kèk jou 

Jn Marc mande hillbilly et camera sa a ki nan men misye a ? 

Hillbilly dit misye se sa li etudye 

Jean Marc dit ; ah bon !

Pandan misye la a eske li pata ka profite fè kèk video klip 

Hillbilly : ben wi sa ta posib 

Jean Marc relem 

Li rele Fabrice Rouzier 

L’eau Beauvoir Girault 

Keke Belizaire 

Saw tande a 

Video gentan an branl 

Nou koumanse ekri skrip , koumanse filme . 

Nou te ka manke 3 sèn pou nou finn filme , 

Te gen foire de fin dannee nan Sun auto 

Nou filme scene live band lan 

Nan foire la le 23 decembre 

Epi nou bay rdv le 26 desanm pou scene nan lakou a 

Mon chè nan 24 desanm li te ka 9 vè nan maten , leur mèt du jeu relem , poul dim ; dirijan yo kidnape blan yo yè swa ! 

Ki blan ? 

Blan kap fè video pou nou yo 

What ? 

Jean Marc pase pranm 

Nou desann kay papa hillbilly, mwen pap site nonl pou byen de rezon ,

Mon chè nou fè jounen an ak papa misye 

Yon humanitaire 

Yon nonm a gran kilti 

Yon ansyen politisyen , kite menm manke prezidan , nou nan kay la 

Misye ap parler avec nou byen kalm 

Lap rakonte nou istwa lavi hillbilly 

Manman hillbily etcetera , li menm di nou ke se dernye mounn li panse ki ta vinn viv Haiti , misye rakonte nou kijan li tapral fait yon koudeta 

Epi lal chita nan yon ti restoran devan la polis la 

An fas palè a 

Vès li kroke nan mu restoran an 

Diskou li nan menl 

Lap tann poul travèse nan palè 

Antretan ! 

Moun ap vinn wè misye 

Epi gen yon sitwayen ki vini , misye prezante nou li kòm mounn de konfyans fanmi an , ki gen rantre soti nan site a , paske se la li grandi , 

Ki donk , se misye sa a kite gen charj pou fè demach entèmedyè 

Apre yon ti tan 

Misye a deplase ,

 lal nan site a 

Lè li tounen , 

Li di nèg yo nan site a 

Se nan men yon sèten bwa ke yo ye 

E ke li pale ak bwa 

Bwa mande yon ranson de …..mil dola 

A partir de la 

Vizaj papa hillbily chanje 

E dlo koumanse pompe 

Epi !

 Met Dujeu dit misye eske ou gen montan sa a ? 

Misye dit ; wi , 

men se lè labank louvri nan 2 jours ,

Metdujeu dit misye eh ben tann mwen , 

Nou kite kay la 

Met du jeu fait yon apel 

Li jwenn lajan an prete nan men yon zanmi 

Nou al pran lajan an 

Nou pote pou lepè a 

Epi nonm de konfyans lan 

Al pote ranson an ale 

Nonm de konfyans lan tounen san nèg yo 

Li dit ke bwa dit lajan an trò piti !!!

To make it short 

Se lòt kòb ki bay pou nèg yo anfen rejwenn libète yo nan 26 desanm . 

Nou te kontan. Byen ke mwen gen anpil dout jiska jounen jodi an sou nonm de konfyans sa a 

Bref 

Nèg yo lage , 

au fait ,blan yo 

Franck Eachton parti aux etats unis 

Malgre gro chock sa a 

Ak tout tromatiz sa a 

Misye gentan moute yon group facebook 

Li enprime mayo pou vann 

Li bay konferans ( i was kidnaped in haiti ) 

Misye fait anpil kòb aksa

Epi apre yon 2 ou 3 mois misye tounen vinn fini video lakou trankil la 

Li fait zanmi pou jah nesta

Epi sa pase 

Mon chè un an apres 

Mwen resevwa yon kout fil de yon group jeune nan site soley 

Ki di mwen ke yo ta renmen BelO vini jwe nan site a 

Ah bon ! 

Wi se chef la kap payer 

Ou met mande prix ou vle 

Pa ban mwen ! 

Kiyès ki chèf la 

EVENS 

ah bon ! 

Kombyen kòb nou genyen ? 

Saw manden nap ba ou 

Eske nou ka banm 25 mil us ( alepòk belo jwe 3000 us )

Nou pral dit chèf lan sa 

Men nou kwè lap dakò 

Telephone fermen 

Yo relem ankò yo dim chef la vle rankontrew 

Kibò ? 

Nan site a ! 

Ou konn chèf la pa soti 

Leur mal ranseye mwen 

Mwen jwenn misye a rele 

Evens bwa ti kouto 

Epi baw 

Mwen sonje non sa 

Se li ki te kidnape reyalizatè video lakou trankil yo 

Mizik ki gen pasaj ki dit 

Site solèy trankil ! 

Epi bon 

Mwen deside ke artist ke map manage la , li pap ka al jwe sou san inosan 

Li pap ka al moute estrad li kote yo te sekestre reyalizatè yo 

Nou pap ka manje nan lajan ranson an 

Men kan menm 

Mte mete gason sou mwen 

poum al gade kriminèl la , bouro a an fas 

Se konsa yon dimanch apre midi .mwen desann nan site a 

Fòk mwen di nou , la a

Nou an oktòb 2006 an plen operation bagdag 

A partir de delma 30 pa gen sivilizasyon 

Se zone de non droit jiska cabaret,  

Neg yo banm rdv nan 30 

Epi yap telegidem par telephone 

Mwen kanpe yo wèm 

Mwen bay gaz yo wem 

Mwen pake machin lan bò sikilasyon poum gad yon kaotiou ki manke van yo wèm  

Mwen ret ht sigarèt 

Yo wèm pi rèd 

E pa gen lòt machinn nan rout la 

Mwen rive andedan site a 

Sou telegidaj 

Sete komsi se te nan yon gro simetyè kem tap rantre 

Mwen rankontre ak chef gang lan 

Ki gen deux bel ti fanm 

Kap fait zong li 

Laptop li devanl lap jwe game 

 Bèje alman li

 nan lakoul 

Pisinn li 

Kamion li ap bal dlo 

Mpap esplike kijan mte fait , men malgre machinn lan te pran pann kaotiou a 

Yo ofrim yon pil machine poum chwazi 

Poum ka rantre lakay mwen 

Mwen rive defie yo 

Mwen chape 

Harry Luc vinn cherchem nan mwatye rout , mwen te tounen pran machin mwen

 nan demen 

Mwen al nan lakou mwen , mwen jete dlo , mwen fait priyè , 

Epi mwen roule neg yo nan farine 

Mwen pa al jwe pou yo 

Biw belo al kameroun 

Biw ouvè lekò 

pisinn montana , rezilta eleksyon 

Biw Preval prezidan 

Biw depoze dezameman 

Biw ti kouto mouri !!!

Alòs mpa vle bay moral listwa a 

Men li daktyalite 

Mpa dakò ak mounn ki kritike entrevue bic a 

Mpa dakò tou ak sak rive Fantom lan 

Sak rive ti nèg ak 2 dominiken an 

li trajik 

Li fè mal 

Sak rive chak grenn mounn ke yo kidnape nan peyi a 

Paske

libète se youn ! 

La vie se yon lòt ! 

Operasyin bagad la te dur anpil 

Jiska prezan gen anpil mounn kipoko janm ka Geri 

Gen anpil moun ki te gen byen ak biznis sou route national numero 1an Sarth ki apovri 

Sa nap viv depi tanto 5 kan an Kesyon gang par ci par la sa a 

Li koute anpil vi 

Li okazyone gro perte de sèvo

Li apovri anpil moun

Gen de mounn kite gen byen yo nan 

Matisan 

Fontamara

Vilaj

bòlòs 

Bisantnè

Granri

Ruyèl alerte 

Ki pòv jodi a 

Gen de profesyonèl 

Se bisantnè yo te konn fait aktivite yo 

Yo pòv jounen jodi a 

Gen ampil gro bòs elektro mekanik 

Mekanik etc… yo blije al chili 

Se yon gro fenomèn kap brase bil sosyete a 

Kite deja gen dechiru 

Ekonomi an potko menm reprann li apre frap 12 janvye 2010 la 

Antouka 

Vreman antouka

Laisser un commentaire