jeu. Avr 18th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

M ap tann move tan

1 min read

M ap tann syèl la lonje men ban mwen

Lè l wè figi m mare.

Pou l menen m chita

Anba bouch loraj

K ap mande m pran san m

Koute kòlè m.

Nou pale menm lang

Nou pa di menm pawòl

M gen anpil pou m aprann.

Se pousa zeklè mande m pe

Lè m kouri di m pa konprann

Jan nyaj plen chay sou do l

Men se pa li k janm tonbe.

Move tan mande m tann

Pandan m ap tòde;

Se pou m ka degoute

San m pa chifonnen.

Move tan mande m kenbe fache m.

Cheche konn kibo l soti,

Kote l prale;

Se pou l pa janm ret nan men m.

Move tan ale kite m,

Move tan lave m;

Se pou m pare pou solèy

K ap vin seche m.

-TRECILE

Laisser un commentaire