ven. Déc 13th, 2024

Le Quotidien News

L'actualité en continue

Nòt pou laprès Biwo Minis Delege kap ankouraje pratik sitwayènte ak aprantisaj Patriyotism nan okazyon 217 lan batay Vètyè

3 min read

Nòt pou laprès

18 novanm 1803 – 18 novanm 2020 : 217 lane depi pèp ayisyen an ap jwi rezilta viktwa batay Vètyè zansèt nou yo te mennen pou derasinen kolon fransè nan peyi an.

18 novanm 1803 se yon dat istorik ki make respè pèp ayisyen anfas limanite.

Istwa endepandans pèp ayisyen an se istwa fondman respè Dwa moun.

Nan okazyon gwo dat istorik sa ki raple nou Batay Vètyè, Batay zansèt nou yo te mennen pou endepandans peyi an, Biwo Minis delege k ap ankouraje pratik Sitwayènte ak aprantisaj Patriyotism, salye kouraj ak kapasite résistans pèp ayisyen an!

Jan nou konnen l, nan istwa peyi Dayiti, 18 novanm 1803 se yon dat senbolik ki charye anpil sans pou pèp ayisyen. Li raple viktwa lame Endijèn sou lame Fransèz nan Vètyè. Se yon jou ki fè nou sonje tou viktwa sou ideyoloji nan epòk 1789 lan ki te vle fè kwè siperyorite kolon blan sou nèg nwa.

Nan epòk sa a, 1789 – 1804, nan anpil peyi nan mond lan, blan kolon te itilize sistèm esklavaj la pou kraze nèg nwa, nèg milat . Sepandan, Batay Vètyè ta pral louvri pòt pou trase wout liberasyon esklav nan mond lan, ankouraje yo leve kanpe pou goumen pou defann Dwa yo antanke moun. Sa vle di, Zansèt nou yo, Jean Jacques Dessalines, Capois La Mort, Henri Christophe, Alexandre Pétion, Makandal, Boukmann, Sanite Belair…pat sèlman goumen pou chase kolon fransè. Batay Vètyè an ki te fèt jou ki te 18 novanm 1803 a, se te yon kokenchenn viktwa pou fè respekte Dwa moun nan mond lan.

Viktwa sa a te make chak grenn sitwayen e te ranfòse solidarite ak tèt ansanm nan mitan Esklav yo ak Milat yo . Se yon gwo evènman ki te pra l enpresyone anpil istoryen nan mond lan.

Nan lide pou raple pèp la kote li soti, Zansèt yo te mete yo dakò pou Deviz nasyonal peyi a raple pèp ayisyen an orijin li, kòman li te pran endepandans li. Se nan Linyon, fòs la kache : “Linyon fè Lafòs”.

LINYON pou jwenn rezilta, LINYON pou avansman peyi a. LINYON pou sòti nan tolalito, sa ki anpeche peyi a pwogrese.

Chire pit k ap taye banda ant diferan sektè nan sosyete ayisyèn lan, anpeche pwogrè fèt nan peyi a. Tren divizyon sa a lakoz administrasyon Moïse ak gouvènman Jouthe lan vanse kòmsadwa ak de pwojè sosyal pou retire pèp la nan mizè nwa.

Kidnaping, sasinay, Vyolans sou fanm ak tifi pa danse kole ak Devlopman Dirab, sinon ranfòse machin inegalite sosyal la. Se pa pou sa zansèt nou yo te batay!

18 novanm 2020 sa a dwe yon okazyon istorik pou chak grenn Sitwayen, Sitwayèn reprann wout desten peyi a, reveye konsyans yo pou yo angaje yo nan chanjman Ayiti a.

Fanm kou Gason, Jèn kou Granmoun, k ap viv nan peyi a kou lòtbò dlo dwe makònen ansanm e manifeste atachman patriyotik yo pou mete peyi a sou ray.

Mete peyi a sou ray Refondasyon sosyal

Angajman sa a dwe sòti bò kote chak grenn ayisyen, ni sa k ap viv isit, ni sa ki lòt bò dlo;

Tout ayisyen alawonnbadè dwe bay dizon yo atravè de fòs òganize nan pwojè elaborasyon nouvèl konstitisyon an fwa sa a pou yo sa patisipe an granmoun nan kreye yo Ayiti san fòs kote .

Nouvèl konstitisyon an dwe rasanble tout pèp Ayisyen san distenksyon pou n ranmase eskanp figi peyi a pou n batay pou fè respekte Dwa grandèt peyi a ak Dwa pèp la…

Konsa a, chak Ayisyen ap kapab ranpli devwa sitwayen yo kòmsadwa, nan vijilans, selon respè souverènte peyi a jan Zansèt nou yo te swete sa.

Jan Deviz nasyonal la di li, se nan Linyon fòs la kache. Ann makònen fòs nou pou Refondasyon Sosyal Ayiti!

Guy André Junior François
Minis delege k ap ankouraje pratik Sitwayènte ak aprantisaj Patriyotism

Insertion demandée

Laisser un commentaire